Lanmò Suisid sa konsène tout moun

May 18, 2021
Health and Mental Care
Education
Basic Needs
Family Support
News

Joel L. Smith, M.Ed, FISP Program Director

Lanmò Suisid lakòz gwo dega pèsonèl, dega pou fanmi an, dega pou kominote a epi dega sou kilti nou an tou. An 2007, Suisid te an 10èm pozisyon nan sa ki lakòz lanmò moun nan peyi Etazini. Gen 47,173 Ameriken ki touye tèt yo epi te gen apeprè 1.4 million moun ki te eseye touye tèt yo an 2015. Moun ki touye tèt yo ak moun ki sòti blese nan eseye fè sa, te koute peyi Etazini $69 milya dola Ameriken. To valè moun ki touye tè yo an 2017 te a 14.0 sou chak 100,000 moun. [https://www.nimh.nih.gov/health/statistics/suicide.shtml]

Pou ki sa moun chwazi met fen nan lavi yo? Pa gen yon sèl grenn repons pou kesyon sa a. Gen plizyè rezon, se kapab yon gwo chòk oswa yon sitiyasyon difisil, ki kab fè moun nan anvi touye tèt li. Apeprè 90% [www. suicidefindinghope.com/content/mental_illness_statistics] moun ki touye tèt yo gen yon pwoblèm mantal, yo kab gen pwoblèm depresyon, pwoblèm konpòtman maniak, pwoblèm anksyete, oubyen pwoblèm dwòg. Moun ki abitye gen pwoblèm depresyon pi vit anvi touye tèt yo, men danje sa a pa twò domine yo. Majorite moun ki soufri pwoblèm depresyon oubyen ki gen lòt maladi mantal kab resevwa èd lè yo jwenn ransèyman sou maladi a, lè yo edike yo sou maladi a epi lè yo fè tretman pou yo. Sa ki pi komen nan rezon ki ka fè moun anvi touye tèt yo se lè yo pa fè bon tretman pou yon pwoblèm mantal yon moun genyen oswa lè yo pa fè tretman pou li ditou.

Gwo depresyon se youn nan maladi mantal ki pi komen, sa touche plis pase 16 milyon granmoun Ameriken chak ane  [https://www.healthline.com/health/depression/facts-statistics infographic#1]. Depresyon se lakòz moun pa fè sa yo abitye fè chak jou, sa konplike lòt pwoblèm medikal yon moun genyen, epi sa kab si tèlman serye sa lakòz yon moun touye tèt li. Nenpòt moun gen dwa fè yon depresyon, moun nenpòt laj, epi moun tout ras oswa moun ki soti nan nenpòt gwoup etnik. Depresyon pa janm yon pati “nòmal” nan lavi moun, kèlkeswa laj ou, kit ou se fi kit ou se gason oubyen kèlkeswa kondisyon sante w.

Menm lè majorite moun ki soufri depresyon refè lè yo jwenn bon jan tretman, se yon tyè moun sèlman ki soufri depresyon ki sevè tout bon ki al dèyè kalite tretman ki bon pou yo. Gen twòp moun ki refize tretman paske yo panse depresyon se yon bagay ki pa serye, se yon bagay yo kab trete pou kont yo oubyen se yon feblès ki soti nan yo olye yo panse se yon maladi ki serye.

Kalite maladi sa yo se maladi yo kab trete, sa se yon bon nouvèl. Malerezman, gen anpil moun ki soufri ak pwoblèm depresyon swa yo pa chèche tretman pou sa, swa yo pa kontinye suiv tretman lè yo kòmanse. Pou ki sa? Se paske, nan kilti nou, nou stigmatize moun k ap fè efò pou yo jwenn gerizon pou pwoblèm mantal yo. Nou atann nou pou moun nan goumen ak maladi a, pou l fè plis efò. Sa ki lakòz maladi mantal se chanjman chimik nan sèvo yon moun, anpil fwa se anpil estrès ak gwo chòk ki lakòz sa. Chanjman chimik sa yo lakòz kèk chanjman nan konpòtman moun epi nan fason yo reflechi, epi anpil fwa sa mennen lespri moun nan yon fènwa ki fè yo santi tout bagay twòp pou yo jere pou kont yo epi yo santi yo pèdi espwa… yo santi doulè sa a pap janm kite yo…..yo santi lavi yo pa gen okenn valè…yo santi sitiyasyon yo pap janm chanje pou debon. Sanble sèl jan pou yo wete kò yo nan sitiyasyon sa a….sèl jan pou yo met fen nan doulè sa a… se mouri pou yo mouri.

Pitit nou gen presyon pa nou sou do yo epi presyon pou yo travay byen lekòl epi presyon kamarad lekòl yo. Kòm granmoun, gen kèk siyal nou kab remake epi nou dwe rekonèt yo:

1 Chanjman konpòtman, pran ris ki pa nesesè, fè dezòd… yo pa menm moun nan

2 Chanjman nan jan yo manje; yo pran pwa oswa yo pèdi pwa 

3 Chanjman nan jan yo abitye dòmi; dòmi twòp oswa pa dòmi ase, fatige tout tan

4 Yo pa kab konsantre oswa yo pa janm kab pran yon desizyon

5 Ret lwen fanmi, lwen zanmi oubyen pa nan pale ak moun

6 Fatige san rezon oswa pa enterese nan anyen

7 Pa kab pran oken plezi; kriye san rezon

8 Pa enterese nan travay, nan lekòl, nan okenn amizman

9 Pa enterese abiye byen; pa enterese nan fè bagay

10 Fè moun kado tout bon bagay li posede

11 Ap pale de lanmò oubyen toujou enterese nan kesyon lanmò ak sijè ki sou lanmò

12 Te gen maladi mantal oubyen kontinye gen maladi mantal; eseye touye tèt li deja

13 Li te gen yon moun ki mouri sa pa gen lontan oswa pèdi yon moun mal

14 Pran plis ris; bwè plis alkòl epi / oswa pran plis dwòg

15 Pa janm pale de maladi a oswa swen sante l merite; pa pran medikaman l jan doktè preskri l yo

16 Aji tankou moun fou, renmen tèt li twòp oswa pa renmen tèt li ditou, twò kontan

17 Konn gen gran enkyetid oswa enkyete tout tan, ajite oswa fache

18 Santi l pa ka fè anyen, pèdi espwa nèt, dezespere, koupab oswa pa vo anyen

19 Di fanmi ak zanmi orevwa

20 Ap planifye fason pou l touye tèt li oubyen ap chèche sa l bezwen pou l touye tèt li [zam, medikaman, eksetera]

Sa enpòtan pou w okouran chanjman yo ofiramezi. Pi souvan, chanjman sa yo anba je nou pou nou wè yo…. si nou veyatif. Si w santi ou oblije aji tousuit ….pa pèdi tan. Telefone 2-1-1-!

Sa enpòtan pou nou konprann sitiyasyon sa a epi pou nou kreye sipò pou moun ki nan sitiyasyon konsa, anvan sitiyasyon an vin twòp pou yo. Fò nou respekte konba a. Nou gen anpil respè pou moun k ap fè fas ak kansè. Nou gen anpil respè pou mou k ap fè fas ak maladi kè. Nou pa di “entèl entèl komèt kansè”. Nou pa di “entèl entèl komèt maladi kè”. Men nou di, entèl entèl komèt Suisid”. Pawòl kon sa derespekte maladi yo soufri a ak efò y ap fè pou yo trete maladi a. Lè moun Suiside tèt yo, se paske maladi a si tèlman twòp pou yo sa fè yo al chèche yon soulajman pou doulè a. Dapre jan nou viv, fò nou konprann maladi mantal se yon maladi sa ye; se chanjman chimik ki fèt nan sèvo a ki lakòz sa. Fò nou konprann sa epi fò nou respekte sa, demach yon moun fè pou jwenn gerizon pou sante mantal li se menm ak nenpòt tretman moun chèche pou yon maladi.

Joel Smith se Direktè Pogram nan Inisyativ Florida pou Prevansyon kont Suisid (Programs Director for The Florida Initiative for Suicide Prevention (FISP)). Yo bay: [1] Sèvis pou moun ki siviv: nan ede gwoup k ap travay ak fanmi epi ak moun ki pwòch yon moun ki touye tèt li pou yo pale de moman chagren moun sa yo dwe travèse anvan yo vin pran ekilib yo. Sa pran tan paske chak moun viv ak chagren – epi yo reprann yo – nan fason pa yo. [2] Atelye, fòmasyon, pran pa nan tout yon seri aktivite k ap fèt nan kominote a; FISP se yon òganizasyon ki gen renome kòm lidè nan adrese; pwoblèm Suisid, maladi mantal, epi sipò pou moun ki siviv epi[3] Òganizasyon HOPE Sunshine Clubs, ki òganize anviwònman sosyal ak anviwònman emosyonèl pou moun aprann, nan lekòl yo, kote yo pale de: sante mantal, entimidasyon, prevansyon kont Suisid, pogram sosyal ak pogram “SUN” pou rezoud pwoblèm nan epi tou aktivite ki amizan epi aktivite ki fè moun pran pa nan sa k ap fèt la. Klib yo fèt pou yo kab: ankouraje lidèchip nan kominote a, devlope sansiblite, valè pèsonèl, santi ou apateni yon kote epi bon ladrès sitwayènte. Si w bezwen plis ransèyman telefone 954-384-0344 oswa al sou sit sa a: www.fisponline.org

Share this post

Learn More About CSC Broward

Accessibility Statement

Our organization provides leadership, advocacy and resources to enhance the lives of the children of Broward County and empower them to become responsible, productive adults.

Stay Connected