Men yon plan pou w defann bezwen espesyal pitit ou

May 13, 2021
Education
Basic Needs
Family Support
News

Lisa Math, B.S., CRPS-F ekri atik sa a, Direktris Adjwen pwogram òganizasyon Family S.T.A.R./United Families for Children’s Mental Health Programs, Family Network on Disabilities

Lè yon paran ap elve yon timoun ki gen bezwen espesyal – kit bezwen espesyal sa yo se bezwen fizik, kit se bezwen emosyonèl, kit se bezwen devlòpmantal, kit se bezwen medikal oubyen bezwen sosyal – sa mande yon apwòch byen kalkile byen egzekite. Pi moun k ap okipe fanmi pa gen konesans sa a oswa fòmasyon sa a epi travay sa a entimide yo. Kle a se ranmase konesans pou w vin gen plis fòs.

Rekonèt dwa w

Gen bon valè lwa onivo federal, onivo Eta yo ki pwoteje moun ki gen andikap. Sa enpòtan pou anpil rezon pou w konprann kiyès nan yo ki bon pou pitit ou. Premyèman, enfòmasyon sa yo se zam defans ou pou difikilte ou ka rankontre lè w pral chache sèvis. Avèk lalwa dèyè w, kote k ap bay sèvis yo pa kab refize w sèvis ak resous. Dezyèmman, gen òganizasyon ki defann lwa sa yo epi ki pwoteje yo; òganizasyon sa yo va rann li difísil, e yo kapab, pou kote ki bay sèvis yo jwenn finansman si yo vyole lwa sa yo. Men kèk nan lwa ou ta dwe konnen:

• Americans with Disabilities Act (ADA)

• Individuals with Disabilities Education Act (IDEA)

• Rehabilitation Services Act • Health Insurance Portability and Accountability Act (HIPAA)

• Seclusion and Restraint Guidelines • Baker Act • Marchman Act • Wes Kleinert Fair Interview Act

• Mental Health Parity Act

Aprann bon jan estrateji pou w dokimante sou papye jan pitit ou ap boule ak sistèm peyi a

Depi w konnen lwa yo, sa enpòtan pou w swiv ki resous ki a dispozisyon pitit ou, sèvis ki a dispozisyon li, kote ki ba li sèvis, eksetera, pou asire w pitit ou jwenn sa li gen dwa pou l resevwa e nan fason ki mache pi byen pou li. Lè w kontwole tout bagay, ou gen dokiman kòm prèv lè w ap travay ak divès kote ki bay sèvis, oubyen ou kab sèvi ak dokiman sa yo si sa nesesè pou w pote plent kont youn nan kote sa yo. Sa kab difisil pou konsève tout yon seri dokiman, òganize w yon fason ki mache pou ou. Yon bon fason pou w fè sa se sèvi ak yon klasè po di ki separe an plizyè seksyon. Men kèk dokiman w ap bezwen konsève:

• Kowòdone kote ki bay sèvis • Rejis medikaman

• Rejis dezagreman medikaman

• Rejis konpòtman • Rejis apèl telefòn

• Dokiman lekòl / Pwogram ansèyman espesyalman pou timoun nan

• Dosye egzamen medikal (evalyasyon, konsiltasyon, analiz, tès medikal, eksetera)

• Dosye sante konpòtmantal (konsiltasyon, evalyasyon sikososyal, newosikolojik)

• Dokiman asirans maladi (kontra, esplikasyon sa asirans lan peye pou pitit ou) 

Kreye istwa ki mache pou wou a

Antan yon moun k ap pran swen yon timoun, yo pral mande w rakonte istwa pitit ou nan anpil diferan fowòm. Sa kab yon fason ki pa ofisyèl tankou pale ak zanmi, fanmi, oubyen tou sa kab ofisyèl tankou travay nan ekip moun ki swen timoun, ekip pèsonèl lekòl la, kote ki bay swen doktè, nan legliz ak lòt ankò. Lè w gen istwa sa a prepare, epi ou fè repetisyon avè l, sa elimine kè kase ou genyen lè w pral rakonte istwa a, epi sa ede w asire tèt ou w ap rakonte tout detay ou dwe rakonte, tout detay ou vle rakonte. Men kèk bagay pou w anvizaje lè w ap kreye istwa sa a:

• Ou gen chwa sa pou w di

• Se pou w konnen se ou ki gen kontwòl lè pou w pale

• Ou ka tounen pwofesè moun ou rankontre • W ap bezwen pote viktwa sou afè ou pè moun jije w ou pè moun rejte w

• Lè w jwenn moun ki kanpe avè w, sa ede w vin gen plis konfyans nan tèt ou • Se yon pwosesis sa ye pou moun vin fè w konfyans

• Se ou ki mete limit yo • Mete mesaj pozitif nan istwa a

• Konekte ak lòt moun ki nan menm sitiyasyon avè w pou w sa jwenn egzanp pou w kòmanse travay w ap fè a

Rekonèt Wòl Ou Nan Diminye Move Repitasyon An

Antan fanmi, ou travay di pou w kanpe ak moun ou renmen anpil la. Travay sa a mache ak responsablite ou genyen pou w konnen ou kapab chanje lide moun sou move repitasyon sa a. Nenpòt moun k ap bay swen kapab fè yon diferans, men renmen fanmi pa gen limit. Se yon opòtinite moun pa kab mezire epi lajan pa kab peye pou sa. Ki fè, pwofite jwe wòl sa a, epi gade sa k ka fèt. Men kèk sijesyon:

• Ranseye tèt ou anvan, apre sa montre lòt moun

• Pale ouvètman de andikap • Kontwole sa w ap di

• Ankouraje egalite ant maladi fizik (nan kò a) ak maladi mantal (nan tèt)

• Montre ou gen kè sansib pou moun ki gen andikap

• Chwazi ede pitit ou gen otonomi olye pou w fè l wont

• Se pou w onèt lè w ap pale de tretman

• Fè moun konnen lè y ap kontinye gaye move repitasyon

• Pa bay tèt ou move repitasyon

Pa bliye lè w se yon moun k ap defann kòz pitit ou sa mande ladrès ki kapab devlope avèk vrè konbinezon kouraj, pèseverans epi konesans. Rezilta final la kapab gen gran efè ki va dire lontan sou pitit ou, sou fanmi w, epi sou kominote kote w rete a – petèt menm sou lemonn antye!  

Lisa Math B.S., CRPS-F se Direktris adjwen òganizasyon Family S.T.A.R. (Support, Training, Assistance, Resources) ak United Families for Children’s Mental Health Programs for Family Network on Disabilities. Li sèvi ak enfòmasyon sa yo deja pandan li t ap chache sèvis pou pitit li pandan plizyè ane, e sa bay bon rezilta. Òganizasyon Family Network on Disabilities se yon òganizasyon ki nan tout Eta Florid la ki bay moun ransèyman sou andikap, li bay resous, li fè fòmasyon, epi li bay fanmi sipò, li bay moun k ap pran swen fanmi sipò, ak jèn moun jiska laj 26 an epi pou pwojè ki ofri sèvis ki gen rapò ak sa pou kote ki bay swen pou sa nan tout Eta a.

Share this post

Learn More About CSC Broward

Accessibility Statement

Our organization provides leadership, advocacy and resources to enhance the lives of the children of Broward County and empower them to become responsible, productive adults.

Stay Connected